PoemsBrowse PoemsSlamsFresh DropEchoes
LearnWriting TipsPoetry TermsPoets & ArtistsBooksFor Teachers
ExplorePoetry GenomePoem MapEchoesTake ActionGroups
AboutWrite a PoemDonateSign UpLog In

Ayiti Cheri Pap Mouri


Ayiti Toma pap mouri

Min Ayisyen ap mouri
La jounen kou nan nwit
La mizè fè mikalaou
Se sa ki fè ke anpil nan yo fou.

Ayisyen ap soufri
Depi ti peyi si la fèt
Gro peyi ki pote gro bot an fè
Fè Ayisyen kon lanfè

San yo pa mouri
Yo fè Ayisyen operasyon
San yo pa bayo anestezi
Yo ba Ayisyen pwazon
Nan farin sinistre
Yo bay yo move lèt, ak poul mouri
Pou yo ka fè pitit ki andikape
Ki pa gen tèt, ni kou, ni pye
HaÏti Chérie pap mouri
Min Ayisyen ap kontinye soufri.


Ayisyen ap viv nan labou
Yap fè marinad ak labou
Yap domi nan labou
E yap manje nan labou
Map priye pou bagay yo chanje
Map rele anmwe pou Aysyen chanje
Si Haïtiens pa chanje
Peyi Dayiti Cheri
Ka vin yon premie peyi
Kap peri, kap mouri
Ayiti pa bwat fatra
Se pou Aysyen sispan viv nan fatra
Nan labou, nan vye tratra, a la traka
Ayiti pap mouri
Min Aysyen ap soufri
Map rele anmwe, anmwe
Pou Ayiti pa mouri
Anmwe, fout tonè, anmwe
Pou Aysyen ka viv
Kwè tout moun ki ap viv nan yon peyi
Ayiti pap mouri, Ayiti pap fout
MOURI, Ayiti pap mouri
Sa se radote, se nou tout
Ki pou ede Haiti
Se nou nout, nout tout
Ki pou ameliore la vi an Ayiti
Anmwey, nap rele viv Ayiti
Epi nap vole li, nap krache sou li
Nap koupe kou li, nap van li
Nap pale li mal, anmwe Ayiti pap mouri
Paske Haïti pagen la vi
Ayiti pa yon moun, se yon peyi
Min jan ak tout lot peyi
Aysyen gen la vi
Se yo kap pedi
Se yo kap soufri
Se yo kap pouri
Se yo kap mouri
La jounen kwè nan nwit
An nou ede HaÏti Chérie
Ak tout Aysyen kap soufri
Pou nou ka sove Ayiti Cheri.

Copyright© 3 Octob, 2015 Logerie Hébert, Tous Droits Réservés
Hebert Logerie est l’auteur de plusieurs recueils de poèmes.

 

©All Rights Reserved

Something wrong with this poem?

Share

Replies are closed for this poem.

60Etincelles

View all poems →

Your Poem's Voice

See what makes your poem unique — its voice, energy, themes, and the literary traditions it draws from.

Comments (0)

No comments yet. Be the first to share your thoughts.

Log in to leave a comment.