Kote Bèl Madanm Mwen An
Je mwen, kè mwen, ak nanm mwen
Kote bèl fanm nan, madanm mwen an
Kem renmen anpil an, se li sèl kem renmen
Plis pase bon van an prentan
Plis pase emwòd, plis pase ajan
Plis pase lò de Perou, plis pase dyaman
Plis pase tout bagay sipèfisyèl
Ak plis pase tout bagay materyèl?
Kote bèl madanm lan, madanm mwen
Ki gen je majik ak bèl sousi an, nanm mwen
Kote bèl fanm sa ke mwen renmen
Plis pase labou ak ja lajan
Kotel, li menm ki ka kouvrim ak kontantman
E ki pi joli pase flè ki pi bèl an prentan?
Madanm mwen ap jwe ak lavi mwen ak nanm mwen
Map bwè, rete bouch be e map rete kalm kòm yon bon van.
P.S. Translation of " Where Is My Lovely Wife" in Haitian Creole.
Copyright © Me 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.
Something wrong with this poem?
Replies are closed for this poem.
Your Poem's Voice
See what makes your poem unique — its voice, energy, themes, and the literary traditions it draws from.
Comments (0)
No comments yet. Be the first to share your thoughts.
Log in to leave a comment.