Litani Pou Lajan
Nou pa fèt pou nou vòlè
Se youn nan 10 kòmandman
Ke Bondye te ba nou. Si nou bezwen la pè
Fòk nou swiv 5 premye liv 10 komandan an
Si nou vòlè, nou pral nan lanfè
Pa gen moun ki vòlè pa aksidan
Èv te fè Adan vòlè
Tout vòlè se vòlè
Nou sonje Rachel ki te vòlè papal Laban
Nou vòlè lajan
Nou pate fèt ak lajan
Nou renmen lajan
Nou souri pou lajan
Nou ri pou lajan
Nou bay manti pou lajan
Nou rayi pou lajan
Nou renmen pou lajan
Nou van peyi nou pou lajan
Nou soufri pou lajan
Nou touye frè nou ak sè nou pou lajan
Nou touye fanmi nou pou lajan
No fè sakrifis pou lajan
Nou van la tè pou lajan
Nou kidnape pou lajan
Nou vòlè eleksyon pou lajan
Nou bay koudeta pou lajan
Nou vyole konstitisyen pou lajan
Nou pedi fyète nou pou lajan
Nou fè tout tenten pou lajan
Nou fè tout vye bagay pou lajan
Nou fè ipokrisi pou lajan
Nou pa konn ki sa pou nou fè ak lajan
Nou van pitit nou pou lajan
Nou van zanmi pou lajan
Nou menm van tèt nou pou lajan
Tout sa ke nou fè se pou lajan
Nou mouri pou lajan
Nou pral nan lanfè pou lajan
Lajan, lajan, lajan, lajan
Nou reve lajan tout tan
Nou jwe bòlèt pou lajan
Nou pèdi vi nou pou lajan
Nou van nanm nou pou lajan
Mwen pa vle pale de lajan
Nou ka fini powèm sila pou lajan
Lajan, lajan, lajan, lajan
Lè nou mouri nou pa prale ak lajan
Tout bagay se lajan, lajan, lajan
Dola, moula, goud, pyas, lajan, lajan
Fòk nou sispan renmen lajan
Ak fè tout vye bagay pou lajan
Lajan, lajan, lajan, lajan, lajan
Lajan fè nou kriminèl e mechan.
Copyright © Jen 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie otè plizyè liv pwezi.
Something wrong with this poem?
Replies are closed for this poem.
Your Poem's Voice
See what makes your poem unique — its voice, energy, themes, and the literary traditions it draws from.
Comments (0)
No comments yet. Be the first to share your thoughts.
Log in to leave a comment.