Lè Yo Ba Ou Zam
Lè yo ba ou zam
Pa itilizel kont frè ou, sè ou
Kouzen ou ak zanmi ou
Moun ki ba ou zam
Pa zanmi ou, yo se ènmi ou
Lè yo ba ou zam
Itilizel kont moun
Ki ba oul la. Bon moun
Bay bon edikasyon, manje
Mete ou lekòl, ede
Pou ou ka yon vinn yon bon bagay demen
E li pa mete ou nan move chemen
Bon moun pa ba ou dròg, alkòl, tafia
Pou gache vi ou, pou ou ka tounen yon malfra
Lè yo ba ou zam
Defan frè ou ak sè ou
Lè yo ba ou zam
Defan peyi ou ak pèp ou
Pa vann peyi ou
Pou bon manje, move manje ak vye lajan
Mwen kwè ke ou entèlijan
Ou konprann sa kem vle di ou a
Pa tande vye koronpi, vye malfra
Vye kriminèl kap voye ou al kidnape
Vòlè, vyole konstitisyon, brile, fè vyolans e touye
Toujou proteje peyi ou
Toujou renmen frè ou ak sè ou
Toujou proteje kouzen ou
Ak tout bon zanmi ou
Lè ke yo mete zam nan men ou
Poze, panse, reflechi avan ke ou
Aji mal, avan ke ou kidnape e touye
Peyi ou se manman ou
Pa kite oken etranje
Vinn mete devizyion nan mitan pèp ou
Pèp ou se manman ou ak papa ou
Kreyòl pale, kreyòl konprann
Ou trè entijan. Mwen kwè ke ou konprann
Peyi nou pa fè zam
Ou pa fèt pou detwi nanm
Ou se bon bagay
Ki pral fè bon bagay.
Copyright © Me 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm nan plizyè lang.
Something wrong with this poem?
Replies are closed for this poem.
Your Poem's Voice
See what makes your poem unique — its voice, energy, themes, and the literary traditions it draws from.
Comments (0)
No comments yet. Be the first to share your thoughts.
Log in to leave a comment.