PoemsBrowse PoemsSlamsFresh DropEchoes
LearnWriting TipsPoetry TermsPoets & ArtistsBooksFor Teachers
ExplorePoetry GenomePoem MapEchoesTake ActionGroups
AboutWrite a PoemDonateSign UpLog In

Se Yon Peyi De Galimachya


Se yon peyi de galimachya

Se yon peyi de konfizyon

Se yon peyi de korypsyon

Se yon peyi  de tèt anba kounye a

Anpil moun blye sak te pase yè

Ki sak te rive sou presidan bann  machwè

Li sanble ke pèp la blye fasil

Ou ke li paka sonje anpil

Bagay, anpil evènman ki pase yè swa

Lè peyi a te gen Anperè ak Rwa

Pèp la twò emosyonèl, tròp gwo san

Tròp tripotay, zen ak griyen dan

Se sa ki fè ke yo pa pran nou o serye

Fòk pèp la grandi, fòk li vinn matire

Fòk tout bagay chanje kounye a

Tròp kao, tròp tenten, tròp deblozay

Tròp vye pawol, tròp vye bagay

Fòk pèp la grandi poul ka pran avnil nan men li

Fòk tout moun nan peyi a gen yon meyè vi

Tròp asasinasyon, tròp vye kout ba

Tròp kidnapin, tròp tripotay,  tròp papotay

Tròp vye nouvèl, tròp koripsyon, vol ak vye bagay

Fòk pèp la panse kwè moun ki konn la lwa.

Fòk bagay yo vinn finalman bon pou tout moun

Fòk pèp la chwazi bon lidè ki pap fè tchoul

Fòk pèp la pa vote pou pope twèl, pou papa poul

Fòk demen vinn miyò, pi anfòm pou tout moun.

 

Copyright © jiyè 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève

Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.

 

 

©All Rights Reserved

Something wrong with this poem?

Share

Replies are closed for this poem.

60Etincelles

View all poems →

Your Poem's Voice

See what makes your poem unique — its voice, energy, themes, and the literary traditions it draws from.

Comments (0)

No comments yet. Be the first to share your thoughts.

Log in to leave a comment.