PoemsBrowse PoemsSlamsFresh DropEchoes
LearnWriting TipsPoetry TermsPoets & ArtistsBooksFor Teachers
ExplorePoetry GenomePoem MapEchoesTake ActionGroups
AboutWrite a PoemDonateSign UpLog In

Yo Touye Papa Desalyn


Yo touye Papa Desalyn

Tònè sou move lalin

Yo touye Papa nou

Se pou nou mete ajenou

Pou nou priye, pou nou remèsye

Papa Desalyn ki ba nou libète

Se li ki retire anpil nèg nan lanfè

An Ayiti, se li ki te aboli esklavaj

Yo touye yon gwo nèg ki te trè brav

Yon Jeyan ki pat pè la pli, bal, di fe ak bout fè

Yo touye yon gran Ero, yon gwo gason

Ki pat pote bèl zepòlèt,  bèl kanson

Pou ni bèl etòf, ni bèl twal

Nan syèl la kote la lyn ap gade e zetwal

Ap file sou tèt Pon Rouj

An nou bat koukou rouj

Zòt trayi Papa Cheri nou

Zòt ap trayi peyi a tou

Paske zòt se tèt li

Se zanmi ak fanmi

Ke li konnen sèlman

Zòt trè, trè mechan

Yo se vagabon, yo se magouyè

Ki pa renmen linyon ak la pè

Yo fout asasine Papa Desalyn

Papa Ayiti Toma, sou move lalin

Sa bam migrèn, anpil bil

Yo touye Papa nou pou la tè

Se sak fè ke nou pa ka gen la pè

Anmwey yo touye Papa Desalyn

Yo trayi li sou move lalin

Yo asasine Papa nou

Se nou tout ki pou

Rete tèt ba e mete ajenou

Pou onore bon Papa si la

Se li ki banou respè ak la jwa

Se pou tout Ayisyen konbat lesklavaj

Ki pa jenm vrèman fini kòm dè nèg saj

Entelijan, ki pa bèt e ki pa sovaj

An nou aji  kòm dè bon patriòt

Ki pap bay Ayiti move kalòt

Ki pa yon move trèt

E ki pap trayi peyi nou kwè zòt

An verite pèp Ayisyen pap janm gen mèt

Yo fout touye Papa Desalyn

Men yo paka touye nou sou move lalin

Se nou tout ki prè pou travay pou la pè

E ki pa pè ni rekin, ni gwo lanm lanmè.

 

P.S. Translation of : They Killed Father Dessalines by Hébert Logerie.

 

Copyright © fevriye 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.

Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.

 

 

 

 

 

©All Rights Reserved

Something wrong with this poem?

Share

Replies are closed for this poem.

60Etincelles

View all poems →

Your Poem's Voice

See what makes your poem unique — its voice, energy, themes, and the literary traditions it draws from.

Comments (0)

No comments yet. Be the first to share your thoughts.

Log in to leave a comment.