Ayiti, Gwo Goumen Ki Pete Nan Batay Vètyè

Ayiti, Ayiti, Ayiti, peyi dè Mati

Ayiti, Ayiti, Peyi Gran Esklav

Ayiti, Ayiti, Peyi Nèg Brav

Yon Oazi ke zòt vle trayi.

 

Ayiti, Ayiti, tè sann dife, tè volkanik

Ayiti, Ayiti, peyi inik, peyi sinik

O! Brav Nèg pap janm pè defann tèritwa sakre sa

Avèk zèl, antouzyasm, fyète ekstrèm ak la jwa.

 

Ayiti, Ayiti, lach yo vle vann li pou gran mèsi, pou pi ba pri

Ayiti, Ayiti, sa yo rele ofisyèl yo ofri tèt peyi a kwè zonbi

Ke yo bay vye mechan kolon yo. Ayiti, peyi ke pwop pitit li trayi

Ayiti, Ayiti, Peyi a, Peyi a ki pap janm wè defèt.

 

Kanmarad, Sòlda, Peyizan, se ak nanm, san ak bon tèt

Ke nou dwe defann koulè nasyonal drapo sila

Se ak kè nou ke nap travèse ekran syèl sa

Ki enfeste ak ipokrit. Ayiti, Ayiti, peyi natif natal.

 

Batay Vètyè ap kontinye pou yon bon bout lougal

Jiskaske zòt ap sispann fè mal e fè pèp la soufri

Jiskaske yo sispann piye ak touye inosan nan la ri

Depi dimanch maten byen bonè, jiska la fen yon tan.

 

Ayiti, Ayiti, Ayiti, peyi Gran Zansèt ak Brav Jeyan

Ayiti, Ayiti, Peyi Gran Ewo, peyi Tousen

Peyi Desalyn, Petyon ak Kapwa. Zanj ak Sen

Ap vin pwoteje Ayiti kap rete sèl Mèt tèt li pou tout tan.

 

Copyright © Oktòb 2017, Hebert Logerie, Tout Dwa Rezève

Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.

This poem is about: 
Me
My family
My community
My country
Our world

Comments

Additional Resources

Get AI Feedback on your poem

Interested in feedback on your poem? Try our AI Feedback tool.
 

 

If You Need Support

If you ever need help or support, we trust CrisisTextline.org for people dealing with depression. Text HOME to 741741